Document:Q12213

From Rhizome Artbase

Sentaniz Nimerik se yon zèv literati sou baz enfòmatik. Se yon echantiyon kontribisyon enfòmatik nan kreyasyon pwezi ak istwa an kreyòl ayisyen.

Lang kreyòl Ayiti a pale nan yon kominote ki gen plis pase 14 milyon moun landan tou patou nan monn lan. Se lang nasyonal peyi d Ayiti ki gen anviwon 12 milyon moun ki pale kreyòl. Kreyòl ak franse (ki se 2 lang ofisyèl ann Ayiti) se 2 lang diferan ; se 2 lang ki gen pwòp vokabilè ak chapant pa yo.

Se BIC Tizon Dife ki kreye « Sentaniz Nimerik » soti nan enspirasyon BIC jwenn nan istwa « Sentaniz » Maurice Sixto. Lè Sixto mouri an 1984, li kite yon senkantèn lodyans nan patrimwàn nou. Sentaniz se youn nan lodyans ki pi popilè nan eritaj sa a. Pwojè « Sentaniz Nimerik » se yon koleksyon rimiks sou Sentaniz. Chak fwa ou vizite « Sentaniz Nimerik » epi w klike sou pwogram lan, w ap jwenn 2 nouvo vèsyon istwa a ki parèt an menm tan sou ekran an. Se òdinatè a ki pwodui nouvo vèsyon sa yo selon yon lis fraz BIC te mete nan pwogram enfòmatik la. Lojisyèl la sèvi ak JavaScript pou l retire divès liy o aza nan lis fraz ki chita nan baz done lojisyèl la.

Se an septanm 2017 nan MIT, pandan BIC Tizon Dife t ap vizite MIT, li kreye « Sentaniz Nimerik » an kolaborasyon ak Michel DeGraff ansanm ak Nick Montfort. BIC se yon chantè, konpozitè ak powèt. « BIC » se abrevyasyon pou twa mo angle sa yo : « Brain », « Intelligence », « Creativity » (egal : « Sèvèl », « Entelijans », « Kreyativite »). Non legal BIC se « Roosevelt Saillant ». Michel DeGraff, li menm, se pwofesè lengwistik nan MIT epi li se fondatè ak direktè Inisyativ MIT-Ayiti. Kanta Nick Montfort, li se yon powèt ; epi tou, li se pwofesè medya nimerik nan MIT.